Accessibility links

Breaking News

Biden Fè Konsta Dega Inondasyon Koze nan Kentucky, Pwomèt Plis Asistans


Prezidan Joe Biden, premye dam Jill Biden, Gouvene Kentucky Andy Beshear ak Depite Hal Rogers (Repibliken ki reprezante Kentucky) fe konsa dega inondasyon koze nan Lost Creek, Kentucky, 8 Out, 2022.
Prezidan Joe Biden, premye dam Jill Biden, Gouvene Kentucky Andy Beshear ak Depite Hal Rogers (Repibliken ki reprezante Kentucky) fe konsa dega inondasyon koze nan Lost Creek, Kentucky, 8 Out, 2022.

Prezidan Joe Biden ak premyè dam Jill Biden al wè ak pwop je pa yo, dega ki fèt apre yon seri move tan ki devaste eta Kentucky epi koze pi gwo inondasyon nan listwa eta sa a.

Biden ak premye dam nan rankontre fanmi ki afekte epi sekouris yo. Gen omwens 37 moun ki mouri nan delij mwa pase a.

Toujou gen danje inondasyon nan eta a paske meteyo a predi lot move tan kap pote lapli ak loraj semèn sa a.

Gouvènè Kentucky a, Andy Beshear ak madanm ni, Britainy te akonpaye Biden. Prezidan an pwomèt plis asistans federal pou ede Kentucky reprann ni.

Lamezonblanch di inondasyon ak tanperati ekstrèm Ameriken ap konstate toupatou nan peyi sa se yon rapèl ke konsekans chanjman klimatik yo ap entansifye.

XS
SM
MD
LG