Accessibility links

Breaking News

Biden Teste Negatif pou COVID-19


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pran la pawol anvan li siyen 2 pwoje lwa ki vizte konbat fwod nan pwogram soulajman COVID-19 pou ti biznis yo, Vandredi 5 Out, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pran la pawol anvan li siyen 2 pwoje lwa ki vizte konbat fwod nan pwogram soulajman COVID-19 pou ti biznis yo, Vandredi 5 Out, 2022.

Doktè kap swaye Prezidan Joe Biden di chèf d'eta a ki gen 79 an teste negativ pou COVID-19 men li pral rete ann izolman nan Lamezonblanch jiskaske li teste negativ yono dezyèm fwa.

Doktè Kevin O'Connor ekri nan dènye kont randi li sou eta sante prezidan an ke "pa mezi prekosyon" prezidan an pral swit "mezi izolman sere" ki an plas jiskaske enfeksyon "rebon" li an ke yo te detekte 30 Jiyè finn geri epi li teste negativ yon dezyèm fwa.

Biden te trape viris la yon dezyèm fwa 3 jou sèlman apre li te soti nan izolman akoz premye enfeksyon li ak COVID-19.

Prezidan an ranvwaye tout vwayaj li te gen pou'l fè. Li gen entansyon al vizite Kentucky Lendi pou fè konsta inondasyon katastwofik ki frape eta sa a epi rankontre fanmi ki afekte yo.

XS
SM
MD
LG