Accessibility links

Breaking News

Biden sou al-Zawahri: 'Jistis Randi'


Prezidan Joe Biden pran la pawol sou asasina lide al-Qaida a, Ayman al-Zawahri nan yon atak ak drone, nan Washington, 1 Out, 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawol sou asasina lide al-Qaida a, Ayman al-Zawahri nan yon atak ak drone, nan Washington, 1 Out, 2022.

Prezidan Joe Biden anonse ke yon drone Ameriken frape e touye pandan wikèn nan, Ayman al-Zawahri, ki te dirije al-Qaida apre lidè li, Osama bin Laden te mouri nan yon atak Ameriken.

"Jistis randi," Biden deklare, an referans ak atak Ameriken ki touye lidè al-Qaida a al-Zawahri; "lidè teworis sa a pa egziste ankò."

Asasina a se yon kokenn chenn viktwa kont teworis yo, 11 mwa sèlman apre twoup Ameriken yo te pati kite Afghanistan apre 20 an lagè.

Atak la, lanse ak yon drone Ajans Santral Ransèyman Etazini (CIA), dapre 5 moun ki familye ak kestyon an ki pale sou kondisyon pou yo pa site non yo anvan Biden te pran la pawòl pou ranseye pèp Ameriken an sou detay operasyon an nan yon diskou a 730 pm.

Lanmo al-Zawahri a elimine pèsonaj ki, plis pase okenn lòt moun, te fome al-Qaida, pou komanse kòm depite Osama bin Laden an 1988 epi apre sa antanke siksesè li. Ansanm, misye ak bin Laden te vize Lèzetazini ak zam mouvman jihadis la kote yo te lanse atak pi grav ki janm fèt sou teritwa Ameriken - 11 Septanm 2001.

Responsab aktyèl ak ansyen responsab te kòmanse tande wi Dimanch apremidi kòm kwa al Zawahri te mouri nan yon atak ak drone. Sepandan, administrasyon an te tann pou pibliye enfomasyon an jiskaske li te ka konfime lanmò a, dapre yon sous.

Kay kote al-Zawahri te ye lè yo touye'l se pwopriyete yon konseye wo plase lidè Taliban Sirajuddin Haqqani, dapre yon sous ransèyman wo plase. Responsab la ajoute yon ekip CIA ki te sou teren an ak yon avyon rekonesans ki te nan zòn nan apre atak drone nan konfime lanmò al-Zawahri. Planifikasyon pou operasyon an te tanmen sa gen 6 mwa desa, men li te entansifye pandan 2 mwa ki pase yo, dapre responsab la.

XS
SM
MD
LG