Accessibility links

Breaking News

Sous: Etazini Touye Lidè Al-Qaida Al-Zawahri nan yon Operasyon


Foto Achiv: Lide al-Qaida Ayman al-Zawahri.
Foto Achiv: Lide al-Qaida Ayman al-Zawahri.

Yon operasyon ayeryen Etazini lanse touye lidè al-Qaida a, Ayman al-Zawahri nan peyi Afghanistan, dapre yon sous ki ranseye sou kestyon an.

Responsab aktyèl ak ansyen responsab te kòmanse tande Dimanch apremidi ke al-Zawahri te mouri nan yon atak ak drone, men administrasyon an te tann pou pibliye enfòmasyon an jiskaske li te ka konfime lanmò a, dapre sous la, ki te pale sou kondisyon pou yo pa site non li.

Responsab Lamezonblanch yo derefize konfime ke vreman-vre al=Zawahri mouri men yo fè remake nan yon deklarasyon ke "Etazini te lanse yon operasyon anti-teworis enpòtan kont yon sib nan al-Waida nan Afghanistan.

Prezidan Joe Biden pral pwononse yon diskou nasyonal sou kestyon an aswè a a 7:30p EST.

XS
SM
MD
LG