Accessibility links

Breaking News

Biden Teste Pozitiv pou COVID-19 Ankò


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden wetire mask li apre li rive nan oditwa sid Lamezonblanch la pou yon rankont sou ekonomi a, Jedi 28 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden wetire mask li apre li rive nan oditwa sid Lamezonblanch la pou yon rankont sou ekonomi a, Jedi 28 Jiye, 2022.

Prezidan Joe Biden teste pozitiv pou COVID-19 ankò, 3 jou apre doktè li te di li mèt sispan izolman li.

Otorite medikal yo di yon enfeksyon "rebon" apre tretman ak yon medikaman anti-viral ra anpil.

Doktè Lamezonblanch la, Kevin O'Connor rapote Biden pa gen okenn sentom e li santi'l anfom.

Sant pou Kontwol ak Prevansyon Maladi a di pi fo ka enfeksyon rebon yo leje e ke poko gen oken ka sevè kowonaviris ki rapote pandan peryod sa a.

Lamezonblanch di Biden pral swiv konsèy CDC yo e li pral izole tèt li pandan omwens 5 jou.

XS
SM
MD
LG