Accessibility links

Breaking News

Reta nan Arive Sereyal Ikrenyen ki sou Wout pou Peyi Liban


Bato kago Polarnet rive nan po Dernice la nan golf Izmit, La Tiki, Lendi 8 Out 20222.
Bato kago Polarnet rive nan po Dernice la nan golf Izmit, La Tiki, Lendi 8 Out 20222.

Premye kagezon sereyal ikrenyen ki te dwe rive dimanch nan Peyi Liban apre l ta fin travèse Lanmè Nwa a, ap an reta, daprè yon manm kabinè ministeryèl libanè a avek anbasad libanèz la nan Bewout.

Moun pa konnen imedyatman koz reta sa a; epi Trafik Maren, ki kontwole sikilasyon bato ak pozisyon yon batiman sou lanmè, montre ke bato ki sipoze ale Liban, “le Razoni”, ki pote paviyon syerraleyonè, jete lank toujou nan yon pò nan Lanmè Meditèrane a, tou pre Tuki.

Minis Transpò Libanè a, Ali Hamie, pibliye sou kont Twitter li yon mesaj kote li di “batiman ki, daprè rimè yo, te sipoze rive nan pò vil Tripoli, nan Liban, chanje stati li.” Ali Hamis refize bay plis detay lè ajans nouvèl Associated Press te kontakte li.

XS
SM
MD
LG