Accessibility links

Breaking News

Etazini di La Risi ap Chache Fabrike Prèv an Koneksyon ak Lanmò Prizonye yo


Foto Achiv: Yon pati prizon Olenivka a nan Ikren ki detwi net nan yon atak ak obi, 29 Jiye, 2022.
Foto Achiv: Yon pati prizon Olenivka a nan Ikren ki detwi net nan yon atak ak obi, 29 Jiye, 2022.

Responsab Ameriken yo kwè La Risi ap travay pou fabrike prèv konsènan atak fann fwa li te lanse semèn pase a kont yon enstalasyon ki te gen prizonye ladann, nan rejyon ès Ikrèn ke separatis yo kontwole.

Responsab ajans ransèyman Etazini yo kwè La Risi ap chache mete fo prèv pou fè komsi se twoup Ikrenyen yo ki responsab pou atak 29 Jiyè ki frape prizon Olenivka a e ki te lakoz 53 moun mouri e dè douzèn lot blese. Se sa yon responsab Ameriken ki byen ranseye sou koze a di Associated Press.

La Risi deklare lame Ikrèn te sèvi ak lans obi Lèzetazini founi ba yo pou frape prizon an, ki sitye nan yon katye Repiblik Popilè Donetsk la ke Moskou apiye e kontwole.

Lame Ikrenyen an demanti li lanse okenn atak ak ni obi ni atiyri kont Olenivka.

XS
SM
MD
LG