Accessibility links

Breaking News

Yon Kagezon Sereyal Ikrenyen Pral Rive a Destinasyon Mèkredi


Nan foto sa a ke Prezidans Ikren pataje ak lapres, Prezidan Volodymyr Zelenskyy pale ak responsab LONU pandan yon vizit nan po Chornomork la kote yap anbake sereyal nan yon bato La Tiki, 29 Jiye, 2022.
Nan foto sa a ke Prezidans Ikren pataje ak lapres, Prezidan Volodymyr Zelenskyy pale ak responsab LONU pandan yon vizit nan po Chornomork la kote yap anbake sereyal nan yon bato La Tiki, 29 Jiye, 2022.

Nan Peyi Tiki, Ministè Defans la fè konnen li atann li aske yon kagezon sereyal ikrenyen an rive nan peyi Tiki byen bonè nan jounen mekredi a. Se premye kagezon sereyal ki kite Ikrèn depi Larisi te lanse envasyon l nan nan peyi sa a nan fen mwa fevriye pase a. Batiman “Razoni”, ki pote paviyon syera-leyonè, kite pò vil Odesa, nan Ikrèn, e li sou wout pou peyi Liban avèk plis pase 26 mil tòn mayi abò l.

Bato a gen pou l fè yon premye eskal nan vil Istanboul, nan Peyi Latiki, kote manm yon sant kowòdinasyon miks pral enspekte li pou yo gen garanti ke li pa p transpòte zam oubyen lòt materyèl entèdi, dapre kondisyon ki nan yon akò pati konsène yo te jwenn nan fen mwa jiyè a pou pèmèt Ikrèn rekòmanse ekspòte sereyal li nan moman lemond ap fè fas ak yon kriz grangou.

Sant kowòdinasyon an genyen ladan l reprezantan ofisyèl Ikrèn, Larisi, Latiki avèk Òganizasyon Nasyonzini, 4 pati ki te patisipe nan negosyasyon ki te debouche sou akò a.

Sekretè Jeneral l’ONU an, Antonio Guterres, ki t ap abòde dosye a lendi premye dawout la, deklare:

Bato syera-leyonè “Le Razoni” ap transpòte 2 komodite ki ra anpil jounen jodi a: mayi avòk espwa… espwa pou plizyè milyon moun atravè lemond, ki konte sou bon jan operasyon pò ikrenyen yo pou yo bay fanmi yo manje.

Guterres fini pa di:

“Nan kad renouvèlman ekspedisyon machandiz sa yo, Pwogram Nasyon Zini pou Manje a (PAM) gen plan pou l achte anvan lontan 30 mil tòn metrik ble ikrenyen epi ekspedye yo nan lòt peyi abò yon batiman ke Òganizasoyn Nasyon Zini pral lwe.”

XS
SM
MD
LG