Accessibility links

Breaking News

LaRisi: Sanksyon Kont Plizyè Politisyen, Otorite ak Pèsonalite Piblik nan Grand Bretay


UZBEKISTAN-SCO-POLITICS-DIPLOMACY
UZBEKISTAN-SCO-POLITICS-DIPLOMACY

LaRisi anonse lendi li pran sanksyon kont plizyè douzèn politisyen, otorite ak pèsonalite piblik nan La Grand Bretay. Moskou akize yo kòmkwa y ap sipòte efò pou fè peyi a pase pou demon.

Ministè Afè Etranjè LaRisi a fè konnen 39 sitwayen britanik anba entèdiksyon pou yo pa antre nan peyi a, mete sou plis pase 200 lòt sitwayen Grand Bretay ke Moskou deja bani pou yo touche sòl nasyonal ris la.

Pami dènye moun Moskou ajoute sou lis la, gen lidè opozisyon Pati Travayis Keir Starmer, ansyen Premye Minis David Cameron ak prezantatè Televizyon Piers Morgan.

Pi fò gwo politisyen nan Grand Bretay deja anba entèdiksyon pou yo pa vwayaje nan LaRisi.

Gouvènman britanik la se yon gwo sipòtè Ikrèn depi envazyon LaRisi a nan fen mwa fevriye a.

XS
SM
MD
LG