Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Ris Kondane Baskètez Amerikèn Brittney Griner pou l Pase 9 an Nan Prizon


Vedet WNBA ak lorye meday lo olenpik Brittney Griner, a dwat, antre nan yon gad a vi nan yon tribinal anvan odisyon li nan Khimki, andeyo Moskou, Larisi, Jedi 4 Out 2022.
Vedet WNBA ak lorye meday lo olenpik Brittney Griner, a dwat, antre nan yon gad a vi nan yon tribinal anvan odisyon li nan Khimki, andeyo Moskou, Larisi, Jedi 4 Out 2022.

Yon jij nan Larisi kondante baskètez Amerikèn Brittney Griner deske li te posede dwog epi eseye fè'l antre nan peyi a anbachal e li kondane'l pou'l pase 9 an nan prizon.

Jij Anna Sotnikova deklare tan Griner deja pase nan prizon depi yo te arete'l nan mwad Fevriye a va konte vizavi santans li.

Griner pat montre anpil emosyon lè yo te anonse santans la.

Lidè la Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi pibliye yon deklarasyon nan vil Seoul, Kore di Sid kote lap fè yon vizit jodia, pou kritike desizyon tribinal Ris la.

"Arestasyon ak santans enjis Brittney Griner reprezante vyolasyon eta de dwa Putin fe ki malpouwont e inakseptab. Fok Larisi lage li tou imedyatman."

Pelosi ajoute "Chak jou Brittney Griner rete fèmen nan prizon, fè nou sonje kijan Putin meprize dwa moun, diyite imen, ak la lwa."

Desizyon an ki vini pi rapidman pase jan sa konn fèt nan La Risi vini nan yon moman ki chaje ak tansyon politik ant Washington ak Moskou poutèt lagè Ikrèn nan. Li taka debouche sou yon boukantay prizonye wo pwofil.

Anvan desizyon jij la, Griner te pran la pawol devan tribinal la. Deklarasyon li an, ki te chaje ak emosyon te fè konen li pat gen entansyon vyole lwa peyi a lè li te antre ak bokal vape ki gen lwil kanibi ladan yo lè'l te rive Moskou pou jwe baskètbol nan vil Yekaterinburg.

Yon pati enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG