Accessibility links

Breaking News

Larisi: Jwèz Baskètbòl Griner di li pa t Gen Entansyon Antre nan Peyi a ak Dwòg


Vedet WNBA ak loreya meday lo Olenpik Britney Griner rive nan yon tribinal Ris pou yon odisyon, Lendi 27 Jyen 2022.
Vedet WNBA ak loreya meday lo Olenpik Britney Griner rive nan yon tribinal Ris pou yon odisyon, Lendi 27 Jyen 2022.

Jwèz Baskètbòl Amerikèn Brittney Griner deklare nan Moskou Mèkredi ke li pat entansyon antre nan peyi ak Cannabi e li pat janm gen entansyon antre ak dwòg sou teritwa a.

"Mwen pa t 'gen lide a, ni mwen pa t gen plan pou m vin avek sibstans ke Larisi entèdi ," li te deklare devan tribinal la nan Khimki.

Li ap fè fas jiska 10 ane nan prizon si tribinal la jwenn ni koupab.

Pwosè sa a gen koulè jeopolitik kòm tansyon ant Moskou ak Washington nan pi gwo konfli a nan Ikrèn. Anpil obsèvatè sispèk Larisi sèvi ak ka sa pou yon fiti echanj prizonye ak Etazini.

XS
SM
MD
LG