Accessibility links

Breaking News

Antony Blinken di Li Pral Pale ak Tokay Ris Li a, Sergei Lavrov, nan Jou K ap Vini yo sou Liberasyon Basketèz Brittney Gringer...


FILES-US-RUSSIA-UKRAINE-CONFLICT-DIPLOMACY-CALL
FILES-US-RUSSIA-UKRAINE-CONFLICT-DIPLOMACY-CALL

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken di li pwal pale ak tokay ris li nan jou k ap vini yo sou yon gwo òf ki vize mennen tounen lakay yo vedèt basketball amerikèn Brittney Griner ak ansyen Merin ameriken Paul Whelan, ki yo tou le 2 anba kòd nan LaRisi.

Lòt sijè ki ka vini nan pale ant Blinken ak Minis Afè Etranjè ris Sergey Lavrov se antwòt aplikasyon yon akò pou rekoumanse ekspòtasyon danre Ikrèn k ap travèse Lanmè Nwa a, ak kesyon LaRisi ki pran rejyon Donbas nan lès Ikrèn.

Dènye fwa 2 diplomat yo te pale an pèson sete nan dat 15 Fevriye, kèk jou anvan LaRisi te lanse envazyon militè a nan Ikrèn.

Nan yon konferans pou laprès, ayè mèkredi a, Blinken fè konnen Washington te kominike yon gwo òf bay Moskou

pou l ka voye tounen lakay yo Griner ak Whelan. Blinken pa vle bay detay sou òf la.

XS
SM
MD
LG