Accessibility links

Breaking News

Komisyonèz WNBA a Deklare Efò pou Jwenn Liberasyon Basketèz Brittney Griner se yon Gwo Kokenn Priyorite pou Asosyasyon an


WNBA star and two-time Olympic gold medalist Brittney Griner is escorted to a courtroom for a hearing, in Khimki just outside Moscow, Russia, July 7, 2022.
WNBA star and two-time Olympic gold medalist Brittney Griner is escorted to a courtroom for a hearing, in Khimki just outside Moscow, Russia, July 7, 2022.

Komisyonèz WNBA a (Swa Chapyona Baskètbòl Feminen Ameriken an), Cathy Engelbert, ki t ap pale ak laprès dimanch, fè konnen efò pou fè jwèz baskèt amerikèn Brittney Griner retounen lakay li Ozetazini, toujou rete yon priyorite pou lig la. Basketèz la twouve l nan Larisi kote li kapab fè fas ak 10 zan prizon si lajistis jwenn li koupab dèske li mele nan zafè dwòg.

Griner te plede koupab nan tribinal semèn pase a pou akizasyon konsènan dwòg la, men li rejte pawòl kòmkwa li te fè ekspre li vyole lalwa. Pwochen fwa li pral konparèt ankò nan tribinal se nan dat 14 jiyè. Engelbert, ki t ap bay yon konferens pou laprès dimanch anvan dewoulman rankont All-Star WNBA a nan Chikago, deklare:

“San di petèt, Brittney nan panse nou nan moman sa a. Li rete yon gwo kokenn priyorite pou nou, li kontinye benefisye de apui total nou, nou konsantre atansyon nou sou travay pou pèmèt li retounen lakay li senesòf e natirèlman osito posib.“

Semèn pase a, Prezidan Joe Biden te di madanm Brittney Griner ke l ap travay pou l garanti ke Larisi libere jwèz la osito posib, pandan lidè ameriken an te ajoute li konsidere anprizonnman Griner la sou akizasyon deske li ta mele nan zafò dwòg, kòm yon “aksyon entolerab.”

XS
SM
MD
LG