Accessibility links

Breaking News

Plis Bato Ki Chaje ak Sereyal Ap Kite Pò Peyi Ikrèn


TURKEY-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-WAR-ECONOMY-GRAIN
TURKEY-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT-WAR-ECONOMY-GRAIN

3 lòt bato k ap transpòte plizyè milye tòn mayi kite pò ikrenyen vandredi a; se yon siyn ki montre ke yon antant ki pèmèt ekspotasyon sereyal ikenyen toujou kenbe, depi Larisi te envayi peyi vwazen an nan mwa fevriye pase a, kòmanse mache.

3 batiman yo pran direksoynpeyuiIrland, Wayòm Ini avek Tiki. Yon 4èm,ki rele Le Razoni. Li te kite Ikrèn lendi pase a, li te travèse Lanmè Nwa a pou l ale nan Liban; li te gen abò l premye kagezon sereyal la depi lagè Larisi kont Ikrèn nan te kòmanse.

Pandansetan, nan New York, pòtpawòl Òganizasyon Nasyon Zini an, Stephane Dujarric, fè konnen yon lòt bato pran direksyon pò vil Chonomorsk, nan Ikrèn, kote li pral pran yon lòt kagezon sereyal.

Yon lòt siyn ki bay espwa, se anons minis agrikilti Ikrèn nan, Taras Vyosisky, fè pou l di peyi a byen kapab kòmanse ekspòte ble ki sòti nan rekòt ane sa a apati de pò ikrenyen yo pa pi ta ke mwa pwochen an. Daprè ajans nouvèl Reuters ki te kontakte minis la, Ikrèn espere ogmante, nan kèk mwa ankò, ekspòtasyon sereyal li ki pase pa wout tè pou fè kantite a monte rive ant 3 milyon e 3 milyon 500 mil tòn metrik pa mwa, alòske pou mwa dout la kantite responsab yo prevwa a se sèlman yon milyon tòn metrik.

Pandansetan, Prezidan Peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, fè yon vizit vandredi nan Larisi kote li rankontre avèk Prezidan Vladimir Putin. Diskisyon yo te dwe santre sou tèm sa yo: akò sou ekspòtasyon sereyal la, chans pou gen negosyasyon sou yon posib fen nan lagè a nan Ikrèn, epi sitiyasyon nan Peyi Siri.

XS
SM
MD
LG