Accessibility links

Breaking News

Chèf LOTAN Di: 'Lemond T ap Tounen yon Mond ki Pi Danjre si Larisi Ranpòte Lagè a kont Ikrèn'


Yon twou nan lari apre yon atak ak misil Ris. Wout sa a sitye devan Otel de Vil la nan Kramatorsk, es Ikren, Samdi 16 Jiye, 2022.
Yon twou nan lari apre yon atak ak misil Ris. Wout sa a sitye devan Otel de Vil la nan Kramatorsk, es Ikren, Samdi 16 Jiye, 2022.

Sekretè Jeneral Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (LOTAN), Jen Stoltenberg, deklare jedi alyans militè oksidantal la gen 2 devwa: 1. Apiye Ikrèn nan batay li kont envazyon Larisi a, epi 2.- Anpeche konfli a gaye pou l tounen yon lagè ant Larisi avek LOTAN.

Pandan Stoltenberg te pran lapawòl nan yon kan-deta nan peyi natal li, Lanòvèj, li di LOTAN genyen yon responsablite moral pou l apiye Ikrèn ak pèp ikrenyem an ki twouve yon anba yon lagè agresyon. Dapre yon rapo sou deklarasyon li yo ke LOTAN pibliye, li ajoute:

“Sa n ap konstate la a, se yon seri de aksyon lagè ak destriksyon moun pa t janm wè depi 2èm Gè Mondyal la. Nou pa kapab rete endiferan ak sa.”

Stoltenberg fini pa di lemond ta tounen yon mond ki pi danjre si Prezidan ris la, Vladimir Putin, rive pran sa l bezwen an gras ak itilizasyon fòs militè.

XS
SM
MD
LG