Accessibility links

Breaking News

Kagezon Sereyal Ikrenyen yo Pase Enspeksyon nan Peyi Latiki


The Sierra Leone-flagged cargo ship Razoni sails in Istanbul's Bosphorus
The Sierra Leone-flagged cargo ship Razoni sails in Istanbul's Bosphorus

Premye bato kago k ap transpòte sereyal ikrenyen depi Larisi te anvayi Ikren nan fen mwa fevriye pase a, pase enspeksyon avèk siksè nan peyi Latiki mèkredi 3 out la. Ministè defans tik la fè konnen enspekte yo te pase 90 minit abò bato Razoni, ki pote paviyon Syera-Leyòn, pandan li te jete lank nan pò vil Istanboul la

Ekip enspekte a te gen ladan l reprezantan peyi Ikrèn, Larisi, Latiki avek Nasyonzini, swa 3 patisipan nan negosyasyon ki te debouche sou yon akò pou rekomanse ekspedisyon sereyal ikrenyen a letranje nan moman lemond ap fè fas ak yon kriz manje. Batiman an, k ap transpòte plis pase 26 mil tòn mayi, te sipoze kontinye vwayaj li kote l ap travese Detwa Bosporus la, pou l pran wout destinasyon li, ki se peyi Liban.

Nan Ikrèn, Ministè Enfrastrikti a fè konnen gen 17 bato ki chaje e k ap tan pemisyon pou yo kite Ikrèn.

Padansetan, yon afe de 20 milyon tòn sereyal (mayi ak ble) rete bloke nan Ikren akoz lage a. Prezidan ikrenyen na, Volodymyr Zelenskyy, ki t ap pale ak yon gwoup etidyan ostralyen nan yon konferans video, fe yo konnen premye kagezon an pa reprezante “anyen ditou”; men, li espere deplasman batiman yo va kontinye.

XS
SM
MD
LG