Accessibility links

Breaking News

Larisi Kòmanse Atake 2 Vil nan Lès Ikrèn


Yon moun eseye etenn dife ki pete lakay vwazen li apre yon atak Ris nan vil Mykolaiv, nan Ikren, Vandrei 5 Out, 2022.
Yon moun eseye etenn dife ki pete lakay vwazen li apre yon atak Ris nan vil Mykolaiv, nan Ikren, Vandrei 5 Out, 2022.

Fòs Ris yo komanse atake 2 vil kle nan Donetsk ki sitye nan lès Ikrèn.

Yo kontinye ap voye obi ak fize tou Samdi kont lòt vil Ikrenyen, pami yo sa ki sitye tou pre pi gwo santral nikeyè Ewòp la. Se sa responsab militè ak responsab lokal Ikrenyen yo fè konnen.

Yo konsidere vil Bakhmut ak Avdiivka tankou sib kle Larisi vize nan ofansiv lap mennen nan lès la.

Gen 5 sivil ki mouri nan atak Ris yo epi 14 lot ki blese nan rejyon Donetsk la.

Responsab lokal yo di 3 sivil blese tou apre obi Ris yo tonbe sou kay nan vil Nikopol, ki sitye pa lòt bò rivyè a, an fas santral nikleyè a.

Direktè Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la lanse avètisman pou di batay sa a poze yon gwo danje pou sekirite santral la.

XS
SM
MD
LG