Accessibility links

Breaking News

Pantagon Refize Demann Washington fe pou Gad Nasyonal Ede'l Jere Migran yo


Foto Achiv: Migran kenbe kouveti len La Kwa Wouj ba yo apre yo rive nan Union Station - yon stasyon tren ki sitye tou pre Capitol la nan Washington, 27 Avril, 2022.
Foto Achiv: Migran kenbe kouveti len La Kwa Wouj ba yo apre yo rive nan Union Station - yon stasyon tren ki sitye tou pre Capitol la nan Washington, 27 Avril, 2022.

Pantagon nan rejte yon demann vil Washington fè pou mande asistans Gad Nasyonal la pou jere dè milye migran kap rive nan vil la nan otobis ki soti nan 2 eta nan sid peyi a.

Responsab depatman defans yo di Sekretè Defans Lloyd Austin refize kite Gad Nasyonal la ede ni pèmèt yo sèvi ak bilding Asenal Washington nan kom abri pou migran kap debake nan vil la.

Yon responsab ki pale sou kondisyon pou yo pa site non li di Associated Press desizyon FEMA - Ajans Federal Ijans la - gen yon pwogram manje ak abri ki ka ede yo jere pwoblèm nan. Responsab la ajoute ke lajan FEMA genyen an sifizan.

Majistra Muriel Bowser di vil la taka voye yon lot demann bay Pantagon nan.

XS
SM
MD
LG