Accessibility links

Breaking News

Meksik: Otorite yo Jwenn 45 Migran nan yon Kamyon


Nearly 100 migrants found abandoned in truck in southern Mexico
Nearly 100 migrants found abandoned in truck in southern Mexico

Otorite Meksiken yo te jwenn 45 imigran nan yon kamyon Lendi. Se metòd transpò sa a kontrebandye yo itilize pou yo kapab fè migran antre ilegalman nan Etazini.

Ajan Gad Nasyonal te fè dekouvèt la nan eta Veracruz, ki sitiye nan lès peyi a, apre yo te tande vwa ki t ap soti andedan kamyon an dapre sa Enstiti Nasyonal Migrasyon an te di.

Kamyon sa te san yon sistèm vantilasyon.

Imigran yo, te soti nan plizyè peyi tankou Venezyela, Repiblik Dominikèn, Ekwatè ak Kiba, yo te arete yo pandan y ap revize sitiyasyon legal yo nan Meksik.

Depi 2014 anviwon 6,430 imigran te mouri oswa disparèt pandan ke yo nan wout pou ale nan peyi Etazini , dapre Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon an.

Epi semèn pase a, yo te jwenn prèske 100 imigran ki t ap vwayaje nan yon kamyon ki te abandone pa chofè a nan Veracruz.

XS
SM
MD
LG