Accessibility links

Breaking News

Etazini pral Bouche Twou ki Egziste nan Mi ki Separe Fwontyè Arizona ak Meksik


Foto Achiv: Yon gwoup fanmi migran ki soti Brezil pase pa yon twou ki genyen nan miray ki sou fwontye Etazini depi peyi Meksik pou ale nan Yuma, Arizona.
Foto Achiv: Yon gwoup fanmi migran ki soti Brezil pase pa yon twou ki genyen nan miray ki sou fwontye Etazini depi peyi Meksik pou ale nan Yuma, Arizona.

Administrasyon Biden nan Jedi bay otorizasyon pou finn konstwi yon miray gouvènman Trump la te finanse ki sitye nan rejyon sid eta Arizona tou pre vil Yuma. Otorite yo di gen 4 gwo twou nan miray sa a kote yon pakèt migran ap antre Ozetazini.

Depatman Sekirite Nasyonal la pibliye yon deklarasyon ki di travay pou konplete miray la tou pre baraj Morelos la pral pwoteje pi byen migran ki konn blese lè yo glise desann yon morn oubyen mouri neye pandan yap mache nan yon seksyon rivyè Colorado a ki pa pwofon.

Zon sa a se yon frontyè ki popilè kote migran yo ka mache pou travèse rivyè a epi rann tèt yo bay otorite Ameriken yo.

XS
SM
MD
LG