Accessibility links

Breaking News

Cuba di 141 Migran Ayisyen Bloke sou Kòt Sid la


Foto Achiv: Ayisyen fe la ke pou ti dejene nan yon kan kote yon gwoup migran Ayisyen ap viv pwovizwaman nan Sierra Morena, Kiba.
Foto Achiv: Ayisyen fe la ke pou ti dejene nan yon kan kote yon gwoup migran Ayisyen ap viv pwovizwaman nan Sierra Morena, Kiba.

Otorite Kiben yo di yon gwoup 141 migran Ayisyen bloke sou kòt sid peyi a.

Se dènye nan yon seri jefò Ayisyen ap fè pou kouri kite peyi a pa bann e pa pakèt.

Sit wèb ofisyèl Cubadebate a di gwoup la rive sou plaj La Tatagua a nan rejyon santral Cienfuegos la Vandredi. Nan gwoup la gen 22 timoun ak plizyè fanm ansent.

Yo di gwoup la te fè vwal depi La Gonav 8 jou anvan sa.

Cubadebate di gwoup la te resevwa swen medikal e yo mennen yo nan yon kan pou jèn jan.

Migran yo di yo te esepere rive Ozetazini.

Nan mwad Me a, 842 migran Ayisyen te debake sou kot nò Kiba, apre kontrebandye yo te abandone yo.

Akoz kouran lanmè a ak van an, bato kontrebandye kap eseye rive Ozetazini al ateri pito sou kot peyi Kiba. Se pa tout migran ke yo rapote ofisyèlman, malgre nan mwa ki sot pase yo otorite La Havann yo admèt de plizanpli ke gen plis migran Ayisyen kap rive lakay yo.

XS
SM
MD
LG