Accessibility links

Breaking News

La Jistis Guatemala Mete Anba Kòd 'Polleros' Kap Fe Migran Antre Ilegalman Ozetazini

Felipe Diego Alonzo mache ak lapolis apre yo arete li nan yon operasyon anti-trafik moun tou pre fwontye Meksik la, nan Guatemala siti, Guatemala, 2 Out 2022.
Felipe Diego Alonzo mache ak lapolis apre yo arete li nan yon operasyon anti-trafik moun tou pre fwontye Meksik la, nan Guatemala siti, Guatemala, 2 Out 2022.

Guatemala anonse Madi, arestasyon pou ekstradisyon Ozetazini, 4 "polleros" kontrebandye kap fe moun antre Ozetazini ilegalman.

Mezi a ki san presedan, se rezilta yon jefò kowòdone ak Washington pou konbat rezo "polleros" yo ki chache fe migran antre Ozetazini anbachal.

Yo idantifye moun yo arete yo kòm prensipal lide rezo kontrebann nan.

Yo te arete yo nan yon operasyon nasyonal.

Sispek Abel Mateo Baltazar, a goch, Andres Francisco Fernando ak Ana Mateo Baltazar menote apre yon operasyon otorite Guatemala lanse kont trafik moun sou fwontye Meksik la, nan vil Guatemala, 2 Out 2022.

Avoka gouvenman Guatemala, Maria Consuelo Porras fe konnen nan yon konferans pou lapres ke yo arete 19 moun.

"Anket la ak operasyon an te fet an kolaborasyon ak ajans Ameriken HIS (Homeland Security Investigations). Kòm rezilta nou arete 19 moun - e 4 pami yo se moun Etazini te mande nou ekstrade.

Dapre Nasyonzini, an 2021, gen 728 migran ki tap eseye travese frontye Meksik pataje ak Etaini an ki mouri. Sete ane kote plis migran te mouri depi yo te komanse dokimante ka sa yo an 2014.

Nan fen mwad Jiye a, LONU di 340 moun deja mouri, ki vledi dapre yomenm yap anrejistre menm chif lanmò ane sa a ke yo anrejistre ane pase a.

XS
SM
MD
LG