Accessibility links

Breaking News

Gwatemala Arete Kontrebandye Migran ke Lajistis Amerikèn ap Chache

Police conduct a raid against alleged migrant smugglers near the Mexican border in Huehuetenango, Guatemala, Aug. 2, 2022. Guatemalan authorities have arrested more than a dozen alleged members of a migrant smuggling network near the shared border with Me

HUEHUETENANGO, Guatemala – Solèy potko leve mèkredi 3 out 2022 a, lapolis ak ajan federal, ki te gen apui elikoptè ki t ap vole nan syèl la, fè yon desantdelye nan yon gwo ranch ki enstale sou montay nan pati nò Gwatemala, pa lwen fwontyè peyi a avèk Meksik.

Otorite yo jwenn kèk pakbèt pou cheval, yon pisin, kèk machin ansyen modèl, zamafe epi Felipe Diego Alonso, swadizan lidè yon rezo kontrebandye ki travay pou deplase imigran o Gwatemala pou pran direksyon nò avèk yo pepi mennen yo Ozetazini.

Desantdelye sa a fè pati yon seri menm jan an ki dewoule madi nan 4 pwovens nan peyi a kont yon rezo kontrebandye migran; otorite yo fè konnen rezo sa a deja mete nan pòch li 2 milyon dola depi ane 2019.

Otorite lajistis yo t ap chache Diego Alonso avèk 3 lòt moun ki jwenn arestasyon yo madi; yo lage sou do yo akizasyon dèske se yo ki responsab asasina yon migran gwatemaltèk nan Tegzas ane pase a. An tou, otorite yo poze arastasyon 19 swadizan manm rezo kontrebandye a.

XS
SM
MD
LG