Accessibility links

Breaking News

Etazini vle Distribye Kat Idantifikasyon bay Migran Kap Tann Pwosesis Depotasyon


Foto Achiv: Moun fe la ke pou monte nan yon otobis komesyal ki pral mennen yo nan yon depo nan ayewopo San Antonio a ke yon oganizasyon charite mete sou pye pou ede migran yo.
Foto Achiv: Moun fe la ke pou monte nan yon otobis komesyal ki pral mennen yo nan yon depo nan ayewopo San Antonio a ke yon oganizasyon charite mete sou pye pou ede migran yo.

Otorite Imigrasyon Etazini ap planifye pou distribye kad idantite ki gen foto bay imigran kap tann pwosesis depotasyon yo.

Yon responsab di plan sa a ke Sevis Ranfosman Imigrasyon ak La Dwann nan pwopose se yon pwogram pilot ke yap devlope toujou, men ide a se elimine paket papye ke yap sevi pandan ke yo kenbe moun o kouran de rankont yo dwe asiste ak osidyon tribinal yo.

Se Depatman Sekirite Nasyonal la ki tap distribye ak sevi ak kat idantite sa yo, e yo pap konsidere yo tankou yon kat idantite federal ofisyel.

Kritik yo di yo gen ke sote pou sekirite kat sa yo epi posibilite pou yo ta sevi avek yo pou lot objektif.

Administrasyon Biden nan ap chache $10 milyon dola pou swadizan Kat ICE SECURE DOCKET la, ki fe pati plan bidjete li pwopose pou pwochen ane fiskal la.

XS
SM
MD
LG