Accessibility links

Breaking News

Elektè nan Eta Kansas Rejte yon Mezi ki te Ka Mete Plis Restriksyon sou Avòtman


Elekte bat bravo nan Overland Park, eta Kansas apre yo aprann ke majorite moun ki vote yo rejte yon amandman nan konstitisyon an ki tap pemet palman an mete restriksyon oubyen entedi avotman, Madi 2 Out, 2022.
Elekte bat bravo nan Overland Park, eta Kansas apre yo aprann ke majorite moun ki vote yo rejte yon amandman nan konstitisyon an ki tap pemet palman an mete restriksyon oubyen entedi avotman, Madi 2 Out, 2022.

Nan youn nan pi gwo eleksyon sezon kanpay eleksyon primè yo Ozetazini, Eta Kansas -kote majorite elektè yo apiye kandida Repibliken yo- rejte yon mezi ki te anvizaje rann ni pi fasil pou otorite yo mete restriksyon sou avòtman.

Elektè yo nan Eta Missouri, yo menm, rejte yon eks-gouvènè ki mele nan eskandal e ki t ap chache ranpòte yon syèj nan Sena a.

Pandansetan, yon depite repibliken ki te vote pou akize ansyen Prezidan Donald Trump apre revòlt 6 Janvye a, pèdi plas li byen bonè mèkredi devan yon opozan. Epi 2 lòt Repibliken nan La Chanm nan ki te apiye akizsyon kont Trump la, ap tann rezilta eleksyon pa yo nan Eta Washington.

Nan Michigan menm, yon nouvo veni sou sèn politik la sòti gayan nan eleksyon primè pou plas gouvènè a. Se yon Repibliken ki ranpòte laviktwa malgre kanapy li te chaje ak chire pit. Kounyea se 2 fanm ki pral twoke kòn yo - yon bagay ki ra anpil, nan eleksyon jeneral la. Kandida sa yo se komantatè konsèvatè Tudor Dixon epi gouvènè aktyèl la, Demokrat Gretchen Whitmer.

XS
SM
MD
LG