Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm nan Ranvèse Desizyon Roe v. Wade la; Eta Ameriken yo ka Entèdi Avòtman


Manifestan rasanble devan Kou Siprem nan nan Washington, Vandredi 24 Jyen, 2022.
Manifestan rasanble devan Kou Siprem nan nan Washington, Vandredi 24 Jyen, 2022.

Kou Siprèm Etazini an mete fen nan pwoteksyon konstitisyonèl pou fè dilatasyon ki egziste depi prèske 50 an - yon desizyon majorite konsèvatè a pran pou ranvèse yon desizyon istorik ki te egziste pa rapò ak avòtman.

Desizyon an, ke tribinal ki gen plis pouvwa Ozetazini an anonse Vandredi, ranvèse desizyon Roe v. Wade la e obsèvatè yo atann yo aske mwatye eta ameriken yo entèdi pratik sa a lakay yo kounyea.

Prezidan Joe Biden deklare Vandredi "se yon jou tris pou Kou Siprèm nan ak peyi a". Roe v. Wade se yon desizyon istorik Kou Siprèm nan te pran an 1973 pou legalize avotman toupatou Ozetazini. Sepandan Biden sèmante "sa pa vle di nap sispann goumen."

"Yo pa limite dwa a yo wetire'l net. Se yon bagay ki poko janm fet pa rapo ak yon dwa ki si enpotan pou pep Ameriken an," prezidan an deklare.

Biden ankouraje Ameriken pou yo eli plis lidè ki va pwoteje desizyon Roe v. Wade la ak dwa fanm yo. Jiskaske sa fèt Biden di "Mwen pral fè tout sa ki nan pouvwa mwen pou'm pwoteje dwa medam yo genyen nan eta kote yo pral fè fas ak konsekans desizyon ki pibliye jodia."

Sa gen kèk ane, yon desizyon konsa pat sanble posib, men li se rezilte plizyè deseni jefò opozan avòtman yo ap mennen, ki vinn posib gras ak majorite jij konsèvatè tribinal la genyen kounyea, gras ak nominasyon ki te fèt anba gouvènman Donald Trump la.

Kat sa a montre eta kote avotman legal, sa yo kote avotman pa legal epi sa kote pa gen okenn lwa ki egziste ditou.
Kat sa a montre eta kote avotman legal, sa yo kote avotman pa legal epi sa kote pa gen okenn lwa ki egziste ditou.

Gouvenè eta Nouyok, Kathy Hochul deklare desizyon an degoutan.

"Kidonk, eleksyon gen konsekans. Gen 3 jij kou siprèm nan ki la gras ak rezilta eleksyon 2016 la. Kite sa sevi kom leson pou tout elektè yo. Se sak pase le ekstremis pran pouvwa a pa sèlman de peyi men yo enfiltre Kou Siprèm Etazini. Nou pedi kapasite nou pou'n pwoteje sitwayen kont zak vyolans ak zam e fanm yo pedi dwa pou yo pran yon desizyon ki trè pesonèl pa rapo ak ko yo," Gouvenè Hochul deklare.

Depite Repibliken Elise Stefanik ki reprezante Nouyok nan Kongre a bat bravo pou desizyon Kou Siprem nan.

"Desizyon istorik Kou Siprem nan se yon viktwa pou lavi sakre. Sa pral sove lavi yon paket timoun inosan. Repibliken ann La Chanm yo tre rekonesan pou tout jefo san pran souf mouvman pwo-lavi a fe pandan de dizen lane e ki debouche sou jodia, kote yap bay moun ki pa gen vwa yon vwa epi pwoteje ti bebe ki poko fet yo ki se moun ki pi vilnerab yo.," depite Stefanik deklare.

Devan Kou Siprem nan, Araceli Herrera di li kwe medam yo dwe gen dwa pou fe avotman. Li vwayaje soti Texas pou'l vinn Washington.

" Se yon bagay ki vreman tris. Mwen kriye anpil paske se pa yon bon desizyon. Se yon esklavaj pou medam peyi a. Mwen soti San Antonio, texas kote nou pa gen dwa fe avotman. Yap femen klinik yo. Gouvenman an pa bay lajan pou prevansyon ni kontrasepsyon. Kidonk mwen vreman tris," Madan Herrera deklare. "Le'm te jen yo te vyole'm e tout vi mwen mwen pat gen okenn chwa. Mwen patka di non, mwen patka pa fe pitit paske mwen te vinn ansent apre vyol la. Mwen patka chwazi. Donk mwen te kite lekol, mwen elve pitit mwen san lajan. Le li grandi li te mande'm kote papa'm poukisa mwen paka janm we papa'm. Donk mwen di'l mwen paka di'w verite a. Mwen patka di'l nesans li se rezilta yon vyol. Donk pou mwenmenm mwen vinn isit devan kou siprem nan paske li trez enpotan. "

Lidya Taylor limenm, ki te kanpe devan tribinal la tou, fe pati mouvman etidyan pou lavi. Li di li dako ak desizyon an limenm.

"Mwen tap kriye akoz ke kontan le'm tande nouvel la. Se pi bel jounen lavi'm. Kounyea gen espwa pou fanm ak timoun ki blese oubyen ki mouri akoz avotman. Map travay epi lapriye depi 5 an pou jou sa a. Nou gen anpil travay ki rete pou fet pou ke tout eta yo entedi avotman, men sa se yon gwo pa ann avan. E le nou rekonet vale timoun ki poko fet yo ak manman yo nou ka apiye timoun yo. Se pou sa nou la. Nap goumen pou lavi," li deklare.

Desizyon an vini mwenske yon mwa apre yon moun te pibliye anba chal yon pwojè desizyon sou avotman ke Jij Samuel Alito te ekri.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG