Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Etazini an Apwouve yon Lejislasyon ki Pwoteje Dwa pou Fanm Itilize Kontraseptif


Congress Contraceptives
Congress Contraceptives

Washington - Dwa pou moun itilize kontraseptif byen kapab jwenn pwoteksyon yon lwa, dapre yon lejislasyon Demokrat yo fè pase nan Chanm Depite a jedi; se dènye repons an dat yo bay, pandan sezon kanpay elektoral la, pou yon desizyon jij konsèvatè nan Kou Siprèm nan te adopte sa gen 3 semèn e ki elimine pwoteksyon federal ki te kouvri dwa pou fanm fè avòtman; se yon siyn tou ki montre Demokrat yo kapab pran lòt aksyon nan menm sans la akoz kèsote yo genyen akoz desizyon pi gwo trinibal peyi a pran an.

Lejislasyon an pase ak yon vòt 228 pou e 195 kont. Sa vle di palmantè demokrat vote nan yon sans, epi kòlèg repibliken yo vote nan lòt sans la, pou yo voye lejislasyon bay Sena a kote li pa sanble genyen yon twò bèl avni. Dokiman an reprezante dènye efò an dat Demokrat yo ap fè pou yo enpoze pwòp vesyon pa yo nan yon lagè kiltirèl pou yo atire elektè fanm yo, votan pwogresis yo avèk manm minorite yo; pou sa, yo vle demontre ke Kou Siprem nan ak Repibliken yo gen yon opinyon ekstremis sou dosye a, paske yo vle elimine dwa ke lalwa te pwoteje pandan plizyè dizèn dane e ki te deja fè pati abitid ak koutim nasyon an.

XS
SM
MD
LG