Accessibility links

Breaking News

Biden Siyen Yon Dekrè K ap Sèvi Pou Pwoteje Dwa Medam yo Pou Yo Fè Avòtman


Prezidan Joe Biden siyen yon lod egzekitif pou ede pwoteje akse medam yo ak avotman epi kontrasepsyon apre desizyon Kou Siprem nan ki te ranvese desizyon Roe v. Wade la ki legalize avotman toupatou Ozetazini.
Prezidan Joe Biden siyen yon lod egzekitif pou ede pwoteje akse medam yo ak avotman epi kontrasepsyon apre desizyon Kou Siprem nan ki te ranvese desizyon Roe v. Wade la ki legalize avotman toupatou Ozetazini.

WASHINGTON - Lamezonblanch fè konnen Prezidan ameriken an, Joe Biden, siyen yon lòd ekzekitif –swa yon dekrè- vandredi 8 jiye a, pou l ede konsève dwa fanm amerikèn yo pou yo fè avòtman epi gen aksè ak kontrasepsyon, apre Kou Siprèm nan te pran yon desizyon mwa pase a pou l ranvèse yon premye desizyon ki te legalize avòtman.

Depi kèk jou deja Biden, ki se yon Demokrat, twouve l anba presyon bò kote patizan kesyon avòtman an -pi espesyalman pwogresis yo- pou l pran aksyon apre desizyon istorik pi gwo tribinal peyi a te pran pou l elimine pwoteksyon medam yo te genyen depi 50 tan pou yo deside si yo vle fè yon timoun oubyen non, lè yo fin tonbe ansent.

Dapre Lamezonblanch toujou, ak dekrè prezidansyèl sa a, Joe Biden pase Depatman Sante ak Sèvis Sosyal la lòd pou l pran dispozisyon pou pwoteje epi elaji kad aksè ak medikaman pou avòtman ke Administrasyon Manje ak Medikaman an (FDA) te deja apwouve. Se konsa tou li mande depatman an chache garanti ke medam yo gen aksè ak swen medikal dijans, sèvis planning familial ou kontwòl gwosès avèk medikaman ki anpeche yon fi tonbe ansent.

XS
SM
MD
LG