Accessibility links

Breaking News

Will Smith Prezante Eskiz li pou Souflèt li te Bay Chris Rock nan yon Videyo


Foto Achiv: Konbinezon foto Chris Rock (a goch) epi Will Smith (a dwat).
Foto Achiv: Konbinezon foto Chris Rock (a goch) epi Will Smith (a dwat).

Will Smith prezante eskiz li anko bay komedyen Chris Rock pou souflèt li te bay misye pandan dewoulman seremoni remiz pri Oscar la, ke moun toupatou nan mond lan tap swiv nan televizyon. Smith di nan videyo a konpotman li te "inakseptab."

Smith di li te eseye kontakte komedyen an pou pale avè'l sou ensidan an men ke yo te di'l Rock pat pare pou pale.

Nan videyo a, Smith chita e li gen yon chemiz polo ak yon kaskèt blan nan tèt li, e li pale dirèkteman nan kamera a. Li reponn plizyè kestyon pre-seleksyone sou konpotman li pandan seremoni remiz pri Akademi yo (Oscars) 27 Mas 2022, kote li te souflete prezantatè Chris Rock apre komedyen an te fè yon blag sou tèt chov aktris Jada Pinkett Smith, ki se madanm Will Smith.

Smith prezante eskiz li tou bay fanmi Chris Rock e sitou manman misye, Rosalie ak frè li, Tony.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG