Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Inyon Ewopeyen an Vle Mete Plis Sanksyon kont Larisi


FILE PHOTO: European Union flags flutter outside the EU Commission headquarters in Brussels
FILE PHOTO: European Union flags flutter outside the EU Commission headquarters in Brussels

Minis afè etranjè Inyon Ewopeyen yo pral debat sanksyon ki pi sevè kont Larisi Lendi, apre yo akize Moskou dèske li deplwaye plizyè misil ki soti nan yon santral elektrik nikleyè nan Zaporizhia .

Gouvènè a nan rejyon an Dnipro, Valentyn Reznichenko, denonse Samdi "yon pil dife" ki te genyen sou teritwa li a nan Nikopol, apre plizyè misil ke ris yo te tire te ateri nan zòn rezidansyèl yo. "Sekouris yo te jwenn on pakèt moun ki mouri anba dekomb yo".

Minis Inyon Ewopeyen yo pral oblije konsidere, pami lòt bagay, yon pwopozisyon Komisyon Ewopeyen an pou entèdi acha lò ak Larisi pou pote sanksyon Inyon Ewopeyen an nan menm liy ak patnè yo nan gwoup G7 la.

Yon lòt pwopozisyon gen pou objektif pou mete nouvo pèsonalite Ris sou lis nwa Inyon Ewopeyen an.

Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen te deklare ke "Moskou dwe kontinye peye yon gwo pri pou agresyon li a."

Dapre yon ansyen ofisyèl Unyon Ewopeyen an, pandan yon premye diskisyon nan Brussels sou nouvo sanksyon sa yo, pat gen okenn konsansis ant peyi yo.

Pi gwo achtè lò Ris la se Wayòm Ini a ak 290 tòn nan 2020 pou yon kantite lajan $16,9 milya dola.

XS
SM
MD
LG