Accessibility links

Breaking News

La Risi Ogmante Atak li nan Nò, Es ak Sid Ikrèn


Sitwayen chache dokiman zanmi yo ki blese nan mitan debri yon bilding ki detwi apre yon atak La Risi lanse nan yon katye rezidansyel nan Chuhuiv, Ikren, Samdi 16 Jiye 2022.
Sitwayen chache dokiman zanmi yo ki blese nan mitan debri yon bilding ki detwi apre yon atak La Risi lanse nan yon katye rezidansyel nan Chuhuiv, Ikren, Samdi 16 Jiye 2022.

Twoup Ris yo lanse atak ak obi kont vil toupatou nan Ikrèn. Dapre otorite Ikrenyen yo gen omwens 17 sivil ki mouri.

Atak Samdi a fèt apre lame Ris la te anonse li tapral "entansifye aksyon inite li yo nan tout zòn kote yap mennen operasyon."

Plizye atak Ris te fèt anvan solèy la te leve epi frapre rejyon nan nò, ès ak sid peyi a.

Omwens 3 sivil mouri e 3 lot blese nan yon atak ak obi Ris anvan solèy te leve nan vil Chuhuiv nan no peyi a.

Atravè rejyon Donetsk nan ès la, omwens 8 sivil mouri nan atak Ris yo.

Nan Odesa nan sid la, yon vil pòtyè kle ki bay sou Lanmè Nwa a, yon misil Ris frape yon depo epi mete dife ladann.

Otorite Ikrenyen yo krenn tou pou La Risi pa lanse yon nouvo ofansiv kont vil Kharkiv nan nò a.

XS
SM
MD
LG