Accessibility links

Breaking News

Moskou: Zam Peyi Oksidantal yo Voye Bay Ikrèn Trouve yo Kounyea Sou "Mache Nwa"


new weapons to ukraine
new weapons to ukraine

Larisi deklare madi ke ekipman militè peyi nan Lwès yo te voye pou Ikrèn ap vann kounyea sou mache nwa a.

Minis defans Ris la Sergei Shoigu te di nan yon emisyon sou yon televizyon, gen kèk nan zam yo te voye pou Kyev ki "gaye nan Mwayen Oryan an, epi yo fini pa pran refij nan mache nwa a".

Sepandan, Minis la pa bay okenn prèv pou sipòte deklarasyon sa a.

Livrezon tank, pyès atiri ak lòt ekipman militè ke peyi oksidantal yo voye nan Ikrèn te soulve anpil kòlè bo kote Larisi, ki ap lanse yon ofansif militè ki koute trè chè kont vwazen li depi nan fen mwad fevriye a.

XS
SM
MD
LG