Accessibility links

Breaking News

Moskou Anonse li Pran Kontwòl Vil Lysychansk


APTOPIX Russia Ukraine War
APTOPIX Russia Ukraine War

Larisi te deklare Dimanch li te konkeri Lysychansk ki se yon vil kle nan lagè an, e li kontwole tout rejyon Luhansk, sa ki reprezante yon gwo avans nan batay pou kontwole rejyon Donbass la.

Nan yon deklarasyon ofisyèl ajans nouvèl Ris la pibliye, li deklare ke fòs li yo ak alye separatis yo te pran "kontwòl konplè vil Lysychansk ak lòt vil ki tou pre yo".

Dapre deklarasyon sa a, Minis Defans Ris "Sergei Shoigu te enfòme [Prezidan Vladimir] Putin sou liberasyon Pèp Repiblik la nan Lugansk", youn nan 2 antite separatis, ansanm ak sa yo ki nan Donetsk.

Larisi frape plizyè rejyon nan Sloviansk, dapre sa majistra vil la fè konnen, vil sa te gen anviwon 100,000 abitan anvan lagè a.

Tetiana Ignatchenko, ki se yon pòtpawòl rejyon Donetsk kote Sloviansk fè pati, repete apèl otorite yo te fè kote yo mande sitwayen yo pou yo kouri kite zòn nan paske fòs ris yo rive a sèlman kèk kilomèt ak Sloviansk.

XS
SM
MD
LG