Accessibility links

Breaking News

Putin Kriye Viktwa nan Donbas, Ikrèn


Prezidan Ris Vladimir Putin koute rapo Minis Defans li, Sergei Shoigu pandan yon rankont nan Moskou, La Risi, Lendi 4 Jiye, 2022.
Prezidan Ris Vladimir Putin koute rapo Minis Defans li, Sergei Shoigu pandan yon rankont nan Moskou, La Risi, Lendi 4 Jiye, 2022.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin kriye viktwa Lendi sou rejyon ès Ikrèn nan ki rele Luhansk, yon jou apre twoup Ikrenyen yo rale ko yo soti nan dènye pwovens kote yo tap reziste atak Ris yo.

Deklarasyon Putin nan vini nan moman twoup li yo tap fonse pi plis nan ès Ikrèn apre yo fin kaptire Lysychansk Dimanch.

Chèf d'eta Majo Fos Zame yo di twoup Ris yo ap konsantre jefo yo kounyea sou Siversk, Fedorivka ak Bakhmut nan rejyon Donetsk la, ki se youn nan 2 rejyon ki fome rejyon ès endistriyèl Donbas Ikrenyen an.

La Risi kontwole apepre mwatye Donetsk kounyea.

XS
SM
MD
LG