Accessibility links

Breaking News

Lame Ikrenyen an Kouri Kite Vil Lysychansk Bay Fòs Ris yo


A woman walks past a shell crater in front of a damaged residential building in the town of Siversk, Donetsk region, on June 23, 2022, amid Russia's military invasion launched on Ukraine.
A woman walks past a shell crater in front of a damaged residential building in the town of Siversk, Donetsk region, on June 23, 2022, amid Russia's military invasion launched on Ukraine.

Lame Ikrenyen an anonse dimanch ke sòlda li yo te kouri kite Lysytchansk. Vil sa a se youn nan vil kle nan lès peyi Ikrèn ki tap fè fas a plizyè seri gwo atak twoup Ris yo pandan plizyè semèn.

Chef d'eta Majò fòs lame Ikrenyen te di nan yon deklarasyon"pou nou kapab sove lavi defansè Ikrenyen nou yo, nou te pran desizyon pou yo kitevil la ."

Deklarasyon an te kontinye "Anba kondisyon sa yo kote Ris yo siperyè pase nou nan twoup, nan atiri, sistèm lansman misil, minisyon ak pèsonèl, kontinye rete defann vil la ap gen konsekans fatal pou nou."

Ministè Defans Ris la anonse dimanch maten ke yo konkeri Lysytchansk, ki va pèmèt Larisi kontwole tout rejyon Ikrenyen yo nan Lugansk.

Kaptire Lyssychansk pèmèt Moskou pwogrese nan plan li pou l konkeri tout rejyon Donbass la, ki se yon rejyon endistriyèl nan lès peyi Ikrèn ki an pati kontwole pa separatis pro-Ris yo depi 2014, ak avanse nan direksyon Sloviansk ak Kramatorsk, 2 gwo vil ki pi lwen nan lwès peyi a ke li te frape Dimanch ak anpil misil.

XS
SM
MD
LG