Accessibility links

Breaking News

Lapolis Jwen Sispèk ki Enplike nan Fiziyad Parad 4 Jiyè Chicago a


Lapolis chache sispek ki enplike nan yon fiziyad nan Highland Park yon banlye Chicago, Lendi 4 Jiye 2022.
Lapolis chache sispek ki enplike nan yon fiziyad nan Highland Park yon banlye Chicago, Lendi 4 Jiye 2022.

Lapolis eta Ilinwa fè konnen yo idantifye jenòm 22 zan ki se prezime bandi ak zam ki responsab pou fiziyad ki fèt pandan yon parad Fèt Endepandans nan yon banlye Chicago. Gen omwens 6 moun ki mouri e 30 lòt ki blese nan atak la. Plizyè santèn lòt te pran kouri.

Chèf lapolis Highland Parik, Lou Jogmen deklare Lendi swa ke yon polisye te pousuiv pandan yon ti tan Robert E. Crimo pandan li tap kondwi soti nan zòn kote fiziyad la te dewoule a. Apre yo ti tan sispèk la te rale machin ni sou kote wout la e yo te arete'l.

Lapolis pat vle idantifye Crimo kòm sispèk la men yo di yo idantifye'l kom moun ki enterese yo e ke piblikasyon non ni ak lòt enfomasyon se yon etap serye.

XS
SM
MD
LG