Accessibility links

Breaking News

Yon Lèt Alexander Hamilton ki te Disparèt Depi Lontan Pibliye Kounyea

Foto yon plent biwo komise gouvenman Boston an voye bay yon tribinal federal an 2019 montre yon let Alelxander Hamilton te voye bay Marquis de Lafayette an 1780 ke yo te vole nan achiv Massachusetts la sa gen plizye dizen lane.

Yon lèt youn nan fondatè Etazini yo, Alexander Hamilton te ekri an 1780 ke eta Massachusetts te sispèk yon moun te vòlè nan achiv yo sa gen dè dizèn lane vizib pou piblik la pou premye fwa apre yon pwosè ki te dire lontan.

Biwo sekretè eta Massachusetts la di lèt la pral fè pati ekspozisyon espesyal 4 Jiyè Mize Commonwealth la ane sa a.

Otorite yo kwè yon anplwaye leta ki tap travay nan achiv la te vòlè lèt la pandan dezyèm gè mondyal la.

Li te vinn reparèt sa gen kèk ane desa, e yon kou d'apèl federal te deside nan mwad Oktòb la se pwopriyete leta li ye.

XS
SM
MD
LG