Accessibility links

Breaking News

Biden ap Fè Fas ak Plizyè Defi pou 4 Jiyè


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon selebrasyon 4 Jiye sou gazon sid Lamezonblanch la, 4 Jiye 2021.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon selebrasyon 4 Jiye sou gazon sid Lamezonblanch la, 4 Jiye 2021.

Biden pare pou'l make dezyèm fèt 4 Jiyè li sou pouvw a men se nan yon anbyans politik ki diferan anpil ak jan bagay yo te ye ane pase a.

Nan epòk sa a ane pase a, Etazini tap fè pwogrè vizavi pandemi COVID-19 la e Biden ak peyi a te prèt pou deklare peyi a " pi pre ke jamè pou'l pran endepandans ak viris mòtèl sa a."

Men nan ane ki pase a, gen 2 varyan ki parèt pou pwouve kowonaviris la rete yon menas. Met sou sa prezidans Biden nan ap fè fas ak lòt defi - kèk pami yo li paka kontwole.

Popilarite prezidan an bese 20% ant premye ak dezyèm fèt Endepandans li, dapre yon sondaj opinyon Associated Press reyalize ansanm ak Sant NORC pou Rechèch sou Zafè Piblik.

XS
SM
MD
LG