Accessibility links

Breaking News

Etazini Fete Endepandans li


Fedatifis pandan yon selebrasyon Fet Endepandans nan Filadelfi, Pensilvani, 3 Jiye 2022.
Fedatifis pandan yon selebrasyon Fet Endepandans nan Filadelfi, Pensilvani, 3 Jiye 2022.

Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden òganize yon babecue pou fanmi militè yo sou Gazon Sid Lamezonblanch la Lendi apremidi. Pita nan jounen an yo te gade fedatifis Fèt Endepandans yo.

4 Jiyè se petèt jou pi patriyotik ki genyen sou kalandriye Ameriken an. Jou Endepandans la selebre desizyon 13 koloni orijinal yo te pran pou renonse gouvènman Britanik la epi fome Lèzetazini. Sepandan desizyon sa a pat pran 4 Jiyè.

Reprezantan koloni yo te vote pou pran endepandans yo 2 Jiyè 1776. Apre 2 jou, yo te apwouve Deklarasyon Endepandans la, yon dokiman ki te eksplike vot la. Anpil moun te kwè peyi a te dwe fete 2 Jiyè, anivèsè vot la. Sepandan kopi deklarasyon an te sikile 4 Jiyè, sa ki te fè se dat sa a moun te pi sonje.

Selebrasyon modèn 4 Jiyè yo gen parad, piknik, diskou politik ak fedatifis.

Sepandan esklavaj moun nwa yo te yon pratik kouran nan koloni yo kote fondatè yo te goumen pou pran pwop endepandans yo de La Grand Bretay.

Sa kolon yo te vle pou tèt yo, yo pat kwè esklav yo te gen dwa jwi tou, malgre Deklarasyon Endepandans la gen fraz sa a ladann:

"Nou konsidere verite sa yo evidan, ke tout gason egal egao, ke Bondye ba yo dwa pèson paka pran nan men yo, pami dwa sa yo gen Lavi, Libète, ak pouswit Kè Kontan."

Etazini ap lite ak enkowerans sa a depi lè a.

XS
SM
MD
LG