Accessibility links

Breaking News

Malgre Tibilans ki Egziste Ozetazini, Anpil Ameriken Vle Fete 4 Jiyè


Foto Achiv: Fe d'Atifis nan po Baltimore, yon banlye Washington, 4 Jiye 2019.
Foto Achiv: Fe d'Atifis nan po Baltimore, yon banlye Washington, 4 Jiye 2019.

Fèt Endepandans Etazini rive nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak odisyon sou revolt 6 Janvye a, tibilans sou kestyon avotman ak zam epitou pèp Ameriken an ap goumen pou jwenn lyen komen.

Men gen rezon pou selebre tou: Pandemi a sanble li ralanti e malgre fay ki egziste yo, demokrasi Amerikèn nan siviv.

4 Jiyè make 246èm anivèsè Etazini ak anivèsè endepandans li ak Angletè.

Se yon jou kote moun tout ras ak relijyon al asiste parad, devore hot dog, griye vyann nan lakou yo epi rasanble anba zetwal yo pou gade fe d'atifis.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG