Accessibility links

Breaking News

Biden Anonse yon Lòt Pakè Èd Militè 800 Milyon Dola pou Ikrèn


USA-BIDEN/
USA-BIDEN/

Prezidan Joe Biden otorize jedi yon lòt pakè asistans militè 800 milyon dola pou Ikrèn. Lidè ameriken an deklare asistans sa a nesesè pou ede Ikrèn repouse sòlda ris yo nan konba enpòtan k ap dewoule nan rejyon lès peyi a.

Nan yon diskou tou kout Biden pwononse nan La Mezon Blanch, li di “Pakè èd sa a gen ladan l gwo zam atiyri lou, plizyè douzèn kanno ak minisyon ki ka tire 144 mil kou.” Lidè ameriken an ajoute objektif espesyal nouvo kagezon zam sa a se ede konbaban ikrenyen k ap goumen nan zòn Donbas laki pi plat e pi ouvè pase kote yo t ap goumen anvan nan pati lwès peyi a.

Prezidan ameriken an fè konnen tou nouvo èd sa a, ki pral ajoute sou yon asistans 800 milyon dola administrasyon l nan te anonse semèn pase a, preske rive nan limit ekstrèm èd militè ke Kongrè a otorize pou Ikrèn. Sepandan, Biden di anvan lontan li pral mande Kongrè a plis lajan pou ede lame Ikrèn nan.

Daprè Biden toujou, Lèzetazini ak peyi oksidantal yo rete ini nan fèm volonte yo pou yo ede Ikrèn nan konba li kont envazyon Prezidan Larisi a, Vladimir Putin -yon envazyon ki te kòmanse sa prèske gen 8 semèn. Lide ameriken an pwomèt Prezidan Putin “pa p janm rive okipe tout tèritwa ikrenyen an. Putin echwe nan efò pou l te reyalize gwo anbisyon l yo sou chadbatay la. Jiskaprezan Kyèv rete debou.”

XS
SM
MD
LG