Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 1,000 Kadav nan Mòg nan Kyèv


UCRANIA-GUERRA
UCRANIA-GUERRA

Plis pase 1,000 kadav sivil trouve yo kounyea nan mòg nan rejyon Kyev la, dapre sa yon ofisyèl Ikrenyen di AFP Jedi.

Otorite Kyiv yo akize Larisi komkwa li ta komét yon "masak" sou plizyè santèn sivil pandan ofansiv li nan rejyon vil la nan mwa mas la. Moskou limenm demanti akisazyon sila a.

Adjwen Premye Minis Ikrenyen Olga Stefanichyna klarifye ke to moun sa yo ki mouri yo se te sivil ke yo te "dekouvri nan bilding, gen ladan yo ke yo te dekouvri nan lari ".

Lapolis nan kapital la te di byen bonè Mèkredi yo te jwenn kadav 9 sivil nan Borodianka, tou pre kapital la.

XS
SM
MD
LG