Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Ranpòte Pri Kennedy pou Defans Demokrasi


Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy, Mekredi 20 Avril 2022.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy, Mekredi 20 Avril 2022.

Prezdan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pami 5 moun ki ranpòte pri Pwofil Kouraj John F. Kennedy a pou aksyon yo pran pou pwoteje demokrasi.

Yo chwazi Zelenskyy pou pri sa a akoz fason li "ankadre espri, patriyotism ak sakrifis san pran souf pep Ikrenyen an."

Fondasyon Bibyotek John F. Kennedy a deklare Jedi anons la "san parey" paske d'abitid se youn oubyen 2 pri li bay. Ane sa a yo chwazi 4 responsab Ameriken pou resevwa pri a tou pou fason yo te leve kanpe pou defann eleksyon lib ak onet Ozetazini.

Responsab Ameriken sa yo se: Depite Repibliken Liz Cheney ki reprezante eta Wyoming, Sekrete d'Eta Michigan Jocelyn Benson, Lide La Chanm de Reprezantan Arizona Rusty Bowers epi travaye elektoral awondisman Fulton nan eta Jòji, Wandrea "Shaye" Moss.

XS
SM
MD
LG