Accessibility links

Breaking News

2 Mwa Apre Arestasyon li, Anpil Mistè Ozalantou Ka Basketbolez Amerikèn Griner


Foto Achiv: Basketbolez ekip Phoenix Mercury Brittney Griner, 13 Oct. 2021.
Foto Achiv: Basketbolez ekip Phoenix Mercury Brittney Griner, 13 Oct. 2021.

Vedèt WNBA ak loreya meday lo Olenpik Amerikèn Britney Griner, se youn nan sitwayen Etazini ki gen plis renome ke yon gouvènman etranje mete nan prizon.

Sepandan nan moman yon odisyon enpotan ap pwoche mwa pwochen an nan La Risi, ka kont Griner a vwale ak mistè.

Li pa finn klè ditou ki prèv avoka leta Ris yo genyen kont jwèz ekip Phoenix Mercury a, ke yo te arete nan mwad Fevriye a.

Gen deklarasyon piblik byen mezire ki pa rapo ak ka a ki soti bo kote gouvènman Ameriken an nan moman lap chache plis enfomasyon sou sikonsans detansyon Griner la.

Sa ki ta dwe yon pwosè dwog ki pa gen anpil enpotans, vinn tounen kounyea yon istwa ras, seks, atlèt pwofesyonèl, jeyopolitik ak jistis entènasyonal.

XS
SM
MD
LG