Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Anpil Ameriken di Pozisyon Biden sou La Risi Pa Ase Sevè


Foto Achiv: Yon machin milite Ris ki kraze nan lakou yon legliz nan vilaj Lypivka tou pre Kyev, Ikren, 11 Avril 2022.
Foto Achiv: Yon machin milite Ris ki kraze nan lakou yon legliz nan vilaj Lypivka tou pre Kyev, Ikren, 11 Avril 2022.

Anpil Ameriken kontinye poze kestyon pou konnen si wi ou non Prezidan Joe Biden adopte yon pozisyon ki sevè ase fas ak lagè La Risi ap mennen kont Ikrèn nan. Sepandan pi fò Ameriken apwouve mezi Etazini deja pran e se yon ti kras moun sèlman ki ta renmen wè twoup Ameriken yo antre nan konfli a.

Yon sondaj Associated Press reyalize ak Sant NORC pou Rechèch sou Zafè Piblik yo montre gen 545 Ameriken ki kwè Biden "pa ase sevè" nan repons li fas ak envazyon Ris nan Ikrèn.

Gen 35% ki kwè apwòch li adekwa, tandiske 8% di pozisyon li twò sevè.

Rezilta yo souliyen pwoblèm politik ak sekirite lagè a poze pou Etazini ak LOTAN.

XS
SM
MD
LG