Accessibility links

Breaking News

Nouvo Sanksyon Ameriken Vize Bank Ris, Oligak ak Antrepriz Crypto BitRiver


Etazini enpoze Mèkredi nouvo sanksyon kont dè douzèn moun ak antite - pami yo yon bank komèsyal Ris, epi yon konpayi min lajan vityèl ak espwa dèske sa pral frape moun kap ede Moskou eskive sanksyon ki deja egziste kont li kòm pinisyon pou envazyon Ikrèn nan.

Depatman Trezò Etazini di li deziye yon konpayi min lajan vityèl pou premye fwa ansanm ak 40 moun ak antite oligak Ris Konstantin Malofeyev ap dirije.

Anbasad Ris la nan Washington pa reponn demann ajans nouvèl Reuters fè pou komantè.

Etazini ak alye li yo enpoze plizè seri sanksyon kont Moskou depi li anvayi Ikrèn 24 Fevriye pase a. Pami moun sanksyon sa yo vize nou jwenn pi gwo bank Ris yo epi Prezidan Putin limenm.

XS
SM
MD
LG