Accessibility links

Breaking News

Nòvèj Bay Ikrèn Anviwon 100 Misil


Russia Ukraine War New Training
Russia Ukraine War New Training

Mèkredi gouvènman Nòvejyen an te anonse ke li bay Ikrèn anviwon 100 misil anti-avyon.

Ministè defans lan te di nan yon nòt pou laprès, anviwon 100 misil te jiskaprezan abò bato la marin Nòvejyen.

Pòtpawòl Pentagòn la John Kirby deklare ke Ikrèn te resevwa tou avyon de gè pou ranfòse fòs aeryen li yo, e li refize presize konbyen avyon yo te resevwa ni ki peyi ki te bay Ikrèn avyon sa yo.

Prezidan ameriken an semèn pase an te anonse yon chanjman nan atitid peyi oksidantal yo, ki pandan plis pase yon mwa te refize bay Ikrèn zam lou pou evite nenpòt ki eskalasyon nan konfli a.

XS
SM
MD
LG