Accessibility links

Breaking News

Guterres Lanse Apèl Pou Mande Yon Pòz Imanitè 4 Jou nan Lagè Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/GUTERRES
UKRAINE-CRISIS/GUTERRES

Sekretè Jeneral LONU Antonio Guterres lanse apèl madi pou mande yon pòz imanitè 4 jou, semèn sa a, ki se semèn Pak Òtodòks la, pandan lagè LaRisi nan Ikrèn nan antre nan yon nouvo faz danjre.

Guterres mande yon pòz nan batay yo pou tanmen 21 Avril - ki se Jedi Sen nan kalandriye Òtodòks Kretyen an - jouk rive 24 Avril, pandan kretyen sa yo ap selebre Pak pa yo. Ni Ikrenyen ni Ris selebre Pak nan peryòd sa a.

Guterres fè konnen pòz tou-kout la ta pèmèt ouvèti yon seri koulwa imanitè pou ke sivil ki vle kite zòn lagè yo ka fè sa ak asistans Komite Entènasyonal LaKwa Wouj, e ta pèmèt tou pwovizyon èd antre pou moun k ap viv nan zòn ki pran anpil kou yo, tankou Mariupol, Kherson, Donetsk ak Luhansk.

XS
SM
MD
LG