Accessibility links

Breaking News

Biden Deklare Etazini ak l-OTAN ap Mete Plis Presyon sou Moskou


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan eta New Hampshire, Madi 19 Avril 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan eta New Hampshire, Madi 19 Avril 2022.

Prezidan Joe Biden di ayè madi a ke Etazini ak alye li nan l-OTAN ap mete plis presyon sou Moskou, menm jou kote otorite ris yo deklare yon nouvo ofansiv nan lès Ikrèn.

Sekretè laprès Mezon Blanch Jen Psaki fè konnen Biden ak lidè yo te pale tou sou kesyon pou bay Kyèv plis minisyon ak asistans sekirite.

LaRisi deklare madi li te lanse nouvo ofansiv li pou pran kontwòl lès Ikrèn ak bonbadman kont kèk pozisyon nan rejyon Donbas la, men Ikrèn di l ap defann teritwa a e repouse kèk nan premye atak yo.

"Se yon lòt faz nan operasyon sa a k-ap tanmen kounye-a," se Minis Afè Etranjè LaRisi Sergey Lavrov ki pale konsa, e li ajoute ke objektif Moskou sete liberasyon total teritwa Donetsk ak Luhansk nan lès la.

XS
SM
MD
LG