Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Ameriken Kraze Egzijans Pou Pasaje Mete Mas nan Avyon


Pasaje kap fe lake nan ayewopo Ronald Reagan nan Washington, Madi 19 Avril 2022.
Pasaje kap fe lake nan ayewopo Ronald Reagan nan Washington, Madi 19 Avril 2022.

Yon jij federal ameriken deside ke egzijans pou pasaje avyon ak lòt mwayen transpò piblik mete mas nan figi yo, pa legal; konsa li ranvèse yon politik administrasyon Biden nan.

Jij Kathryn Kimball Mizelle, ki syeje nan Tampa, Eta Florid, e ki pran desizyon an lendi 18 avril la, fè konnen otorite lasante yo te depase limit otorite yo lè yo te vini ak egzijans sa a.

Jij la di Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) pa rive jistifye desizyon li a epi li pa t suiv règleman apwopriye yo lè l t ap mete egzijans li a an aplikasyon.

Konpayi avyon yo te pase plizyè mwa ap fè demach pou otorite federal yo elimine egzijans la. Daprè yo, filtè konpayi yo itilize pou yo netwaye avyon yo rann transmisyon maladi kowonaviris la prèske enposib pandan yon vòl.

Moun poko konnen si desizyon jij la pral antre an efè imedyatman oubyen si administrasyon Biden nan pral eseye bloke miz an aplikasyon l. La Mezon Blanch ak CDC poko reyaji sou desizyon an.

XS
SM
MD
LG